Sylvain Exavier cover logo

Konpa Kingdom Audio Review

56m · Sylvain Exavier · 12 Jan 12:59

Konpa Kingdom se youn nan pwogram ki te gen plis antisipasyon sou li pou ane 2023 a, Carel te anonse l kòm pi gwo evènman ane a. Eske se sa l te ye? Tande sa m panse de sa nan epizòd saa ke m anrejistre premye janvye nan maten avan te deplase ale pran vòl pou m tounen lakay mwen apre espektak la. --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support

The episode Konpa Kingdom Audio Review from the podcast Sylvain Exavier has a duration of 56:58. It was first published 12 Jan 12:59. The cover art and the content belong to their respective owners.

More episodes from Sylvain Exavier

Konpa Kingdom Audio Review

Konpa Kingdom se youn nan pwogram ki te gen plis antisipasyon sou li pou ane 2023 a, Carel te anonse l kòm pi gwo evènman ane a. Eske se sa l te ye? Tande sa m panse de sa nan epizòd saa ke m anrejistre premye janvye nan maten avan te deplase ale pran vòl pou m tounen lakay mwen apre espektak la. --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support

Marcus LOLO

Marcus LOLO se yon jenn pyanis ayisyen k ap pèfeksyone talan li nan inivèsite Etazini, pandan l ap etidye l ap pataje konesans li tou ak lòt jenn ki enterese a mizik menm jan ak li. Mwen te kontan echanje ak Marcus

--- Support this podcast: https://anchor.fm/sylvainexavier/support

Dènye interview Sylex ak MikaBen

Anviwon 9 lane apre nou te fè dènye interview nou an 2013, nan ete 2022 a mwen te deside kontakte Mika pou nou fè yon ti pale nan podkas mwen an. Men mwen pat jan imagine se ta pral dènye interview m ak frè a nan Kozalite.

--- Support this podcast: https://anchor.fm/sylvainexavier/support

Kòman enfliyans kreyasyon atistik yo manifeste sou konsomatè yo?

Tout zèv atistik kreye nan lide pou fè yon efè kèlkonk sou nenpòt moun ki konsome l, men se pa tout moun ki konsyan de sa.

Sikològ Osman Jérôme se envite m nan 7e epizòd Lyrikalite-a, ansanm avè l nou tante reponn kesyon sa yo:

Eske yon zèv ka enfliyanse yon moun san li pa konsyan de sa?

Eske se tout zèv yon moun konsome ki enfliyanse l?

Eske l posib pou yon moun limite enfliyans kreyasyon atistik yo sou li?

Kòman enfliyans zèv atistik yo manifeste sou konsomatè yo?

--- Support this podcast: https://anchor.fm/sylvainexavier/support

Kòman zèv atistik yo enfliyanse konsomatè yo?

Kontrèman ak sa anpil moun panse, objektif zèv atistik yo pa redwi a pote plezi sèlman!

Nan epizòd Lyrikalite sa-a nou gade kòman enfliyans kreyasyon atistik yo manifeste sou konsomatè yo. Pou rann egzèsis sa pi otantik posib, nou gen yon echantiyon 4 pwofesyonèl nan lavi sosyal la ki se tou 4 moun ki konsome zèv kreyatè ayisyen ki pataje eksperyans yo ak kèk zèv pou ede nou konprann kijan kreyasyon sa yo make lavi yo.

Pandan m'ap envite w tande ak pataje podkas la, m'ap tou pwofite remèsye Steffany Rebeca, Hansy Mars, Ariste Jean ak Vilcius Simon ki te dakò pataje temwanyaj yo ak nou nan 6e epizòd Lyrikalite a.

Mèsi,

Bòn ekout!

Sylvain Exavier

--- Support this podcast: https://anchor.fm/sylvainexavier/support
Every Podcast » Sylvain Exavier » Konpa Kingdom Audio Review